Monday, May 20, 2024

8 bagay ki kapab koz pye moun vin anfle – 2em Partie – 2nd Part

Date:

5- Maladi nan Ren/Kidney failure kapab fè pye moun anfle

Mwen di nou tout bonjou! Map swete nou yon bon kòmansman mwa Dawout 2019. Kite m re pataje ake nou yon ribrik mwen te ekri nan lanne 2017 paske yon lèktè ribrik la pou m kapab pibliye atik sa pou li. Mwen swete nou byen li ribrik sa ki enpòtan.

Chak moun fèt ake 2 ren ki genyen menm fòm ake yon grenn pwa. Ren chak moun jwe yon potorik wòl nan lavi nou. Pa genyen yon moun ki kapab viv san 2 ren yo. Si tout fwa yonn nan ren yo genyen pwoblèm, moun sa kapab rive viv ake yon sèl ren – Moun konn rive bay yon lòt moun ki malad yon ren e yo rete viv ake yon sèl. Ren nou yo gen pou wòl pou li filtre/netwaye san nou, li la pou li rive balanse nivo sèl ak dlo nou genyen nan kò nou, elatriye.
An jeneral, yon moun kapab rive genyen 4 @ 6 lit san k ap monte desann nan kò li, sa pral depann de gwosè moun nan. Chak jou ki jou ren nou genyen kapasite pou li filtre rive jouka 1.500 lit san. Se anviwon yon milyon ti filtè gwo save nan domèn lasante rele Nefwon/Néphrons kip lase pou fè kokenn chen travay sa yo. Nefwon yo tèlman piti se nan aparèy mikwoskòp nou kapab rive wè yo. Lò nou kite Nefwon yo donmaje – ren nou yo pral anboulatcha… sa ki konn koz san nou chaje ake dechè e kò nou chaje ake dlo.

Lò ren nou pa rive travay byen, li pa rive elimine nan pipi nou extra likid nou genyen nan kò nou sa kapab koz pye nou vin anfle. Jeneralman lò yon moun wè 2 pye li anfle, moun sa mete 2 pye yo an lè e anpre pye yo vin dezanfle. Se diferan lò se ren nou ki pa travay byen. Wi, lò se maladi kidney failure menm si moun pye anfle a mete 2 pye li an lè, pye yo pap dezanfle. Anpil fwa se ni men ni pye ak vizaj moun sa ki anfle.

Nan sosyete oksidantal, lò yon moun soufri ake kidney failure ki grav se nan sant dyaliz yo voye moun sa pou machin al netwaye san malad la, pou doktè konvansyonèl yo ba li medikaman duiretique pou malad la pipi anpil, konsa la jete extra likid ki te rete anndan kò li. Malad la konn oblije ale netwaye san li 2 @ 3 fwa chak semèn jouk li trouve yon moun ba li yon grenn ren ki gaya. Pwosesis la konn pran malad la 2 @ 10 lanne avan li trouve yon grenn ren ki bon pou li… anpil fwa yo konn rive mouri san yo pa janm rive jwenn grenn ren gaya a.

Daprè Doktè William L. Henrich, ki travay nan Inivèsite Medikal Texas, yon moun ki pran abitid bwè grenn Aspirin ansanm ake grenn Acetaminophene pandan bon bout tan kapab genyen risk pou li devlope maladi kidney failure/maladi nan ren. Doktè Henrich kontinye pou di genyen kèk medikaman yo fè pou soulaje tèt fè mal, grip, tous, yo konpoze medikaman sa yo ake ni aspirine ni acetaminophene e jan de medikaman sa yo moun pa bizwen prèskripsyon pou achte yo. Toujou byen li/lire medikaman n ap achte sou kontwa fonmasi yo avan menm nou konsome yo.

Yon medikaman yo rele Chromium Picolinate genyen kapasite pou bay moun maladi kidney failure daprè doktè Walter G. Wasser k ap travay nan lopital nephrology ki nan eta New York USA. Yon enfimyè 49 rekòlt kafe tap konsome pandan 6 semèn medikaman Chromium Picolinate pou li kapab desann nan gwosè li, bagay ki te koz li devlope kidney failure. Evite konsome nenpòt medikaman menm si se doktè konvansyonèl nou ki prèskri nou li – toujou mennen pwòp rechèch pa nou sou tout medikaman nap konsome paske se mèt kò ki veye kò.

6- Maladi san kaye/blood clot kapab fè pye moun anfle

Daprè gwo save nan domèn lasante, moun ki soufri maladi san kaye – maladi yo rele an angle blood clot, moun sa kapab wè 2 pye li anfle ake gwo doulè. Yon kò ki genyen yon movèz sikilasyon san kapab devlope blood clot/maladi san kaye. Yon maladi san kaye se yon gwo danje pou sante moun, li kapab koz: 2 pye moun vin anfle, kè moun kanpe/arret du Coeur, moun sa kapab fè yon stroke, moun sa kapab fgenyen anpil doulè nan pye, konsa tou li kapab mouri.

Anpil fwa nou wè 2 pye nou tonbe anfle san nou pa menm konnen rezon an, se kapab yon blood clot ki koz sa. Blood clot la anpil fwa manifeste avèk yon doulè bridsoukou nan pye pandan pye yo ap anfle tanzantan. Menm kote a moun sa dwe ale lopital pou yon bon jan konsiltasyon. Yon san ki kaye kapab anpeche oksijèn rive nan fwa moun sa e menm konn koz lanmò.

Genyen anpil bagay ki kapab koz yon moun soufri ake blood clot, bagay tankou: Sigarèt, medikaman medsin konvansyonèl, grenn ak piki planin, elatriye…

7- Manje twòp sèl kapab fè pye moun anfle

Nan peyi nou, an ayiti, lò yon manje pa genyen sèl nou rele li manje zonbi. Sèl konpoze ake anpil minewo. Pami tout minewo sa yo nou jwenn sodium ki se yon mineral kò nou bizwen pou li byen fonksyone. Yon kò ki manke sodium se yon kò ki pa djougan, yon kò tou ki genyen twòp sodium se yon kò kap kouri anpil risk maladi e menm lanmò. Daprè òganizasyon mondyal lasante, pou sante yon moun rete djougan fòk moun sa konsome sèlman 2.300 mg sèl chak jou, sa ki egal a prèske yon ti kiyè sèl. Konsome anpil sodium pa jou kapab koz nou genyen anpil ake yon pakèt maladi, tankou tansyon wo, albimin, avèg, pye anfle, elatriye.

Gwo save nan domèn lasante di nou sèl genyen kapasite pou kenbe likid nan kò nou. Yon moun ki pran abitid konsome anpil sèl nan sa lap manje e bwè kapab wè 2 pye li tonbe anfle. Manje anpil sèl konn koz nou genyen pye e menm tout kò nou anfle paske sèl pou kont li genyen kapasite pou kenbe nan kò nou likid. Nou konsome sèl nan manje ki tou prepare yo, nan papita, pèpèt, manje konsèv, nan kib yo mete nan manje yo, elatriye.
Pou moun sa rive konbat pye anfle se diminye konplètman konsomasyon sèl, se tou ale konsilte kay doktè pou gade si konsomasyon sèl sa pa donmaje kèk ògân nan kò li, konsa doktè li a ba li bon jan medikaman natirèl pou ede sante li vin djougan.

8 – Travay ki genyen anpil kanpe kapab fè pye moun anfle

Patwon nan anpil boutik ak market mande anplwaye yo pou yo travay 4 @ 8 è tan tou kanpe. Nan kèk boutik nou konn jwenn anplwaye yo genyen yon ti tanbouren pou yo kapab chita si li posib. Nan anpil lòt nou pa wè ti tanbouren sa ditou, sa ki vle di anplwaye a dwe pase toutan lap travay la sou 2 pye li. Gwo save nan domèn lasante di yon moun ki pran abitid travay plis pase 4 @ 8 è tan kanpe kapab genyen risk pou li gen 2 pye li anfle kon barik, li kapab genyen risk pou li vin malad nan senti ak kolònn vètebral. Gwo save yo kontinye pou di, anplwaye sa dwe toujou pran yon poz 5 minit chita apre chak 1è tan travay, konsa l ap pwoteje pye yo kont anflamasyon. Apre 4 @ 8 è tan travay kanpe anplwaye a dwe bay pye li repo pandan lap mete 2 pye yo pi wo pase pozisyon kè li, konsa la ede sikilasyon san an fèt komsadwa.

Map rete la pou jodi a. Kanmarad ou kapab achte yon liv Kichòy mwen ekri nan pri $ 40.00 US konsa wa ede m pibliye 2em liv mwen an ki genyen tout sa mwen ekri la E ki pi byen detaye. Ayisyen an nou ankouraje zèv Ayisyen parèy nou…!!! Pou nou order liv pa nou an rele kanmarad Jude nan 754-244-3021 kèlkeswa kote nou ye nan USA. Déjà mwen di nou mèsi pou sipò nou. Map chèche sponsor pou 2em liv mwen an ki genyen pou soti la, kontakte kanmarad Jude pou nou sponsorize zèv ayisyen, mèsi davans.
Map swete nou pase yon bon mwa DAWOUT 2019 anba pisan papa Jeyova…!!!

MEDNA POU LAVI – DJOUGAN DJOUGAN

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Sounds of Little Haiti: A Must-Attend Event to Celebrate Haitian Flag Day

By Dessalines Ferdinand There is no doubt about it: Sounds...

Barbecue déclare que ses forces sont prêtes à combattre les forces multinationales

Par Dessalines Ferdinand Dans une interview exclusive en début de...

Port-de-Paix : Inauguration du Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA

(Le Floridien) - Le Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA à...
Languages

Contact Us

error: