Thursday, May 16, 2024

Byenfè ki genyen nan ekòs pye bwa yo

Date:

SANTE N SE LA VI N_Title

Mwen salye nou tout ki anba tonèl jounal Le Floridien. Jodi a mwen byen kontan vin kase moso kichòy ake nou sou medsin natirèl. Kòman nou ye? Jodi a m vin pale nou sou kèk bagay nou kapab fè ak ekòs/ecorce pye zoranj, nou pral pale tou sou enpòtans medsin natirèl la nan lavi pèp Ayisyen nan 4 kwen latè. Map kòmanse ak ekòs pye zoranj.

A- Lò nou seche ekòs pye zoranj lan, apre nou pile li pou li vin ba nou yon poud fen, se yon bon remèd pou n konbat tous, flim nan lèstomak, pwoblèm rèspirasyon, bwonch fèb, opresyon, etc. Mete mezi 1 kiyè poud ekòs pye zoranj bouyi nan 2 vè dlo pwòp pou 5 @ 7 minit. Bwè 1 tas te sa tyèd 3 fwa nan yon jounen.
B- Lò nou bouyi kèk moso ekòs pye zoranj nan 1 vè dlo se yon bon remèd pou n konbat gaz.
C- Lò nou pa genyen apeti, nou kapab bouyi kèk moso ekòs nan mezi 2 a 3 vè dlo pwop pandan 5 @ 10 minit. Nou kapab bwè dòz sa pa ti tas tankou tizàn pandan tout jounen an.
D- Lò nou vle konbat yon pwoblèm asid, mete bouyi kèk moso ekòs pye zoranj nan 1 vè dlo pou 5 minit. Bwè dòz sa 1è tan apre nou fin manje gwo manje. NB Toujou evite bwè nenpot likid pandan nap manje. Tann nou genyen 30 a 45 minit fin manje pou nou bwè yon bagay.
E- Lò nou bwè bon jan te ki fèt ak ekòs pye zoranj se yon bon remèd pou desann move kolèstewòl.

Ki enpòtans medsin natirèl la nan lavi pa w?
“Sou 2 bò larivyè a, tout kalite pye bwa pral pouse pou bay fri pou moun manje.

Fèy yo pap janm fennen, yo pap janm sispann donnen. Y ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k ap koule soti nan tanp lan pral wouze yo. Pye bwa yo pral bay fri pou moun manje. Fèy yo ap sèvi remèd”.

EZEKYÈL 47 VÈSÈ 12
Labib di nou, nan plizyè pasaj, “fèy se sous lavi.” Wi, lò nou konnen ki kokenn chenn sous lasante ki genyen nan plant nou yo, nan rivyè, nan lanmè, ak nan montay nou yo. Se yon opòtinite lèzòm pa dwe janm rate, opòtinite pou yo itilize sèvis plant nou yo 24è sou 24, 365 jou sou 365 jou paske se la medikaman maladi nou yo chita. Elas…! Plis pase 200 lanne yo vire lòlòj nou pandan yo fè nou konprann medikaman maladi nou yo chita nan grenn ak siwo yo fè ak pwodwi chimik. Kote yo detache nou de zantray nou ki se lanati.

Lachin se peyi ki bwè e pwodwi plis te/thé nan lemonn. Pèp chinwa a pap di w bonjou pou li pa ofri w yon bon vè te cho lò w vin vizite li. Yo pa bwè li sèlman paske yo malad, yo bwè te toutan paske te an li menm genyen 2 bon kalite; Li kapab ede kò nou geri anba maladi – Qualité curative, li kapab tou ede kò nou fè prevansyon kont maladi – Qualité préventive. Malerèzman, anpil Ayisyen frèm ak sè m toujou ap klèyonnen; “Mwen pa malad, mwen pap bwè te.” Kòmkwa dire se sèlman moun malad ki dwe bwè bwason beni sa – Erè ti papa! Moun ki vle genyen yon sante djougan bwè te toutan gen tan.

Nan tan lontan, lakay, nan chak bitasyon te genyen yon ansyen/yon gran paran/yon notab ki te la e ki te jwe wòl gerisè. Gerisè sa pa te genyen okenn nosyon inivèsitè ou klasik. Men gras a konesans natirèl li te posede, li te rive sove ou byen geri anpil ake yon pakèt moun nan bitasyon an ake bon jan reset fèy natirèl. Gerisè sa yo te konnen dyannen ti fèy ki ekziste nan raje, anba nan savann, nan karetèl, nan mòn, nan plèn, sou gran chimen, elatriye… Yo te konnen non yo tout, depi soti sou fèy Atiyayo pase pran fèy Ti ponm malkadi rive sou fèy Zonbi nan bwa. Yo tout te enskri nan kabòch tèt gerisè Ayisyen nou yo san pwoblèm. Konesans fèy yo pase de gran gran paran nou rive jouk sou nou. Se yon konesans zansèt nou te aprann nou aloral, pa te gen tan pou ekri.

Ebyen, Isit an Ayiti, yo te konn rele moun sa yo: Doktè fèy, Ougan, Manbo, Danti, Chabrak, Toryan, elatriye. Se yon seri moun ki te konn ki jan yo kapab mayande fèy yo, rasin plant yo, ekòs yo, fri plant nou yo ak flè nou yo. Yo te konnen tou ki jan pou yo prepare remèd natirèl yo. Eske yo dwe mete yo nan solèy, nan seren, anba lapli, anba gayiti, sou tèt gadmanje, dèyè kannari, etc. Gerisè yo te konn rive pase konesans plant yo bouch nan zorèy [De bouche à l’oreille]. Se te yon lekòl oral, se te tou feblès medsin tradisyonèl la, kote anpil nan konesans sa yo al pouri anba tè ake moun ki te konnen/posede yo. Se pa tout gerisè yo kit e gen tan pataje konesans sa yo, elas…!Wi, anpil nan konesans sou medsin natirèl Ayisyèn pa te rive pataje jan sa ta sipoze fèt. Anpil nan gerisè lakay deside mouri ake kokenn chenn konesans yo te posede nan kabòch tèt yo. Yo te prefere mouri ake sètèn bòn konesans sou medsin natirèl la pou plizyè rezon. Anpil nan yo te santi yo imilye paske antre legliz pwotestan vin antre nan peyi a, pastè misyonè yo trete gerisè yo de bòkò, mango, dyèg, ounsi, badjikan, moun sòt, iletre, elatriye. Sa ki te konn koz anpil moun nan bitasyon an rete lwen gerisè yo. Anpil lòt doktè, enfimyè medsin konvansyonèl te komanse ap bese byen ba/minimiser pote medikal ki genyen nan pratik doktè fey yo. Piti piti valè gerisè yo ap bese, konsa anpil an yo prefere mouri san pataje konesans zansèt nou yo.

Apre anpil kanpay diskriminasyon andeyò, nan bitasyon yo kont gerisè Ayisyen yo medsin natirèl la, medsin tradisyonèl an Ayiti ap desann yon pant jouk jounen jodi li pa kapab reprann èskanp li. Malgre tout yon kanpay diskriminasyon anpil nan mèsenè la medicine conventionnelle mennen nan 4 kwen peyi Dayiti kont medsin natirèl, medsin tradisyonèl la – sa pa anpeche sèten jèn Ayisyen tankou kanmarad Jude Etienne rete atache, rete djougan ak pratik medsin tradisyonèl la, medsin natirèl. Si nou ta pran kalkile nan 2 kalite medsin sa yo ki yès ki fè plis dega nan lavi moun, nou pa tap janm kapab rive jwenn yon kalkilatris pou kontwole kantite rèl medsin konvansyonèl pote lakay moun e èspesyalman lakay malere. Jounen jodi anpil maladi medsin konvansyonèl deklare inkirab/incurable rive jwenn trètman gras a medsin natirèl. Nou pa pou yon divizyon ant 2 medsin yo. Nou vote pou yon inyon kote yonn a konplete lòt menm jan li fèt Kiba ak anpil lòt peyi. Leta Ayisyen kapab antre medsin natirèl la nan fakilte medsin konvansyonèl menm jan yo antre femme sage yo nan fakilte enfimyè. Se tout sa m te pote pou nou jodi a. An nou kase randevou pou 1er Avril 2019 si Jeyova vle.

Pa bliye = Mwen gen pou vann liv KICHOY la pou sèlman $ 40.00. Kanmarad Rele kanmarad Jude nan 754-244-3021. An nou sipòte Ayisyen pandan nap konsome pwodwi natirèl e òganik.
Mwen te kontan ansanm ake nou yon fwa ankò anba tonèl jounal Le Floridien. Mwen swete nou pase yon bon fen mwa MAS 2019 anba pisans Jeyova papa a.
Viv Medsin Natirèl …!!!
Kanmarad Jude Etienne – 754-244-3021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Port-de-Paix : Inauguration du Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA

(Le Floridien) - Le Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA à...

Little Haiti Book Festival: A Decade of Cultural Enrichment and Community Engagement

(LITTLE HAITI) - The 2024 edition of the Little...

Louis-Philippe Dalembert, une plume haïtienne couronnée

(Le Floridien) -  Ce mardi 14 mai restera gravé...
Languages

Contact Us

error: