Monday, May 20, 2024

Byenfè lakay Pye Medsiyen – 2eme Partie

Date:

SANTE N SE LA VI N_Title

Mwen santi mwen kontan anpil chak fwa mwen genyen chans pou m pataje ake nou moso kichòy sou lasante anba tonèl jounal Le Floridien. Kanmarad kòman nou ye la? Mwen kwè nou trè byen gras Jeyova nan syèl. Kanmarad rale ti chèz ba nou pou nou vin pale koze sante natirèl.

Jodi a mwen vin kontinye ribrik sou pye Medsiyen. Nan Kòmansman mwa Jiyè a nou te pale w de Ti Medsiyen. Jounen jodi, nou pral fè yon ti pale sou kouzen Ti Medsiyen an ki se Gwo Medsiyen, sa nou konn rele Medsiyen Beni an. Rale Ti chèz ba nou vin nou pale koze sante natirèl anba tonèl Le Floridien.
Wou menm ki deja li/read 1ere partie ribrik la ou kapab konpran pouki rezon nou di w fòk ou itilize plant nou yo pou nou kapab genyen yon sante djougan. Pye Ti Medsiyen se vrèman yon kokenn chenn plant ki nan fonmasi lanati.

An nou pale sou Gwo Medsiyen ou Medsiyen Beni.

Gwo Medsiyen genyen non siyantifik li Jatropha Curcas. Li genyen anpil ak yon pakèt non. Yo rele li: Medsiyen beni, Medecinier Barriere, Medecinier Blanc, Grand Medecinier, elatriye. Fèy ak fri Gwo Medsiyen pi gwo anpil pase Fey ak fri Ti Medsiyen, konsa nou kapab fè diferans lan.

Moun ki soufri maladi palpitasyon kè/Coeur konn bouyi 3 @ 5 fèy Gwo Medsiyen nan 1 vè dlo pandan 5 @ 7 minit, yo konn bwè dòz sa sikre pou yo kouri dèyè do palpitasyon kè a.
Moun ki brile, men se brile ki pa grav, konn pase latex ki soti nan plant lan sou kote ki brile a. Gerizon rapid.

Moun ki gen fyèv ou byen grip kapab bouyi mezi 5 fèy mi (Fèy ki gen koulè jòn) Gwo Medsiyen nan 1 vè dlo ak mwatye. Kite li bouyi pou 7 minit apre koule li bay malad la bwè vè te sa. Malad la kapab bwè mezi 2 @ 4 vè te sa chak jou ki jou jouk maladi a al fè chimen li.

Oun ki genyen pwoblèm nan bouch yo kapab bouyi fèy Gwo Medsiyen epi itilize dlo te a kòm rens bouch. Li bon anpil pou moun ki konn genyen jansiv senyen.
Mal dan/dent mete yon ti latex nou pran nan plant lan ekzakteman nan dan kap fè nou mala la, epi repo. Men fòk nou ale apre sa kay dantis.

NB: sa se yon pati nan nouvo liv mwen ki rele TOKSIK ki gen pou soti nan mwa kap vini la yo. Jouk jounen Jodi nap tan sponsor pou nou pibliye liv sa. Rele m pou sipò nou, mèsi.
Genyen anpil bagay nou kapab fè ake pye Gwo Medsiyen ou byen medsiyen beni, bagay mwen pap gen tan devlope nan ribrik sa. Nap jwenn plis enfòmasyon sou plant sa nan pwochen liv mwen an ki rele TOKSIK ki genyen pou soti nan mwa yo kap vini la. Rete branche!

Mwen toujou genyen Liv KICHOY la {Liv ki pale sou plis pase 60 plant medsinal ak pou plis pase 100 maladi yo kapab trete} pou vann pou $ 40.00 sèlman. Wou menm ki Miami, Broward, West Palm Beach rele kanmarad Jude nan 754-244-3021 lap fè w trouve li sa lakay ou pou menm pri a. Sa ki vle di nap pote li pou wou depi ou text nou adrès konplè ak non ou.

Nou genyen tou bon jan siwo myèl òganik pou mete sante nou djougan – $ 70 – $ 35 – $ 25 – $ 10

Nap pwofite di tout fanatik orchestre Septentrional Joyeux Anniversaire !!!

Mwen swete nou pase yon bon fen mwa Jiyè 2019 anba pisans Jeyova papa a !
MEDNA pou lavi – Djougan Djougan
Kanmarad Jude Etienne
754-244-3021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Sounds of Little Haiti: A Must-Attend Event to Celebrate Haitian Flag Day

By Dessalines Ferdinand There is no doubt about it: Sounds...

Barbecue déclare que ses forces sont prêtes à combattre les forces multinationales

Par Dessalines Ferdinand Dans une interview exclusive en début de...

Port-de-Paix : Inauguration du Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA

(Le Floridien) - Le Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA à...
Languages

Contact Us

error: