Wednesday, May 15, 2024

Byenfè lakay Pye Medsiyen Barachen/Ti Medsiyen – 1ere Partie

Date:

SANTE N SE LA VI N_Title

Mwen santi mwen kontan anpil chak fwa mwen genyen chans pou m pataje ake nou moso kichòy sou lasante anba tonèl jounal Le Floridien. Kanmarad kòman nou ye la? Mwen kwè nou trè byen gras Jeyova nan syèl. Kanmarad rale ti chèz ba nou pou nou vin pale koze sante natirèl.

Jodi a mwen pa vin fè diferans ant Gwo Medsiyen ak Ti Medsiyen. Mwen vin pale nou pito de byenfè lakay pye Medsiyen Barachen, yo rele li tou Ti Medsiyen. Li genyen anpil lòt non. Avan, kite m di nou genyen plizyè kalite pye Medsiyen nan lemonn. An Ayiti, nou plis abitye ak 2 kalite. Gwo Medsiyen, nou rele Medsiyen beni ake Ti Medsiyen. Se kouzen yo ye men yo pa genyen menm vèti.
Ti Medsiyen genyen non siyantifik li Jatropha Gossypiifolia. Li genyen anpil ak yon pakèt non. Yo rele li: Medsiyen Barachen, Ti Mapou, Medsiyen wouj, Bwa Zòtolan, Zèb Zòtolan, Medsiyen sovaj, Medsiyen Bata, Pigeon d’Inde, elatriye. Nan lang angle yo rele li: Bellyache bush, Cotton leaf, Leprus tree, etc. Nan lang Panyòl, yo rele li Tua Tua.

Byenfè lakay Pye Ti Medsiyen

Pye Medsiyen Barachen bon pou anpil maladi kretyen vivan soufri sou latè, men se lò nou konnen bon jan mwayen pou nou itilize plant lan. Toujou mande konsèy moun ki genyen anpil eksperyans nan domèn sante natirèl avan nou itilize plant yo. Li bon pou: Vant fè mal, doulè règ, abse, atrit, anflamasyon, maladi po tankou ekzema, gal. li bon pou konbat kansè, lèpre, fyèv, maladi kè, li kapab ede nou netwaye fwa/foie nou, li kapab tou ede nou netwaye san nou e fè san nou byen sikile, se yonn nan rezon nou di w pye Ti Medsiyen bon pou Tansyon Wo ak Dyabèt.

Ti Medsiyen kapab rive jouka 4 mèt wotè, se yon ti pye bwa. Li donnen yon ti fri ki genyen 3 grenn tandiske Gwo Medsiyen an donnen yon fri ki pi gwo pase fri Ti Medsiyen an. Anpil fwa fri pye Medsiyen Barachen yo konn rive eksploze pou kont yo lò yo mi. Lò sa grenn fri plant lan vòltije byen lwen manman plant lan. Se yonn nan rezon nou konn wè plant sa leve nan jaden nou san nou pa te plante li. Grenn plant sa kapab rete pou plizyè ane san li pa gate.

Kèk remèd nou kapab fè ak plant sa…

Jansiv ki malad: Apre ou fin bwose bouch ou, souke nan bouch ou pou 2 minit dlo fèy Medsiyen Barachen. Ou kapab lave kèk fèy byen lave epi ou tòde yo nan yon ti twal fen pou w pran ji a, si ou pa genyen juicer pou w pase fèy yo. Souke ji fey Ti Medsiyen nan bouch ou chak fwa ou fin bwose bouch ou e pandan plizyè jou pou nou konbat pwoblèm nan jansiv.

Netwaye fwa/liver: Mete bouyi 4 fèy Ti Medsiyen nan yon tas dlo ak mwatye pandan 5 a 7 minit sou yon ti dife ba. Bwè tas te sa ajen pandan 1 a 2 semèn. Nou kapab pran yon metsin apre cure 2 semèn nan.

Apeti: Nou kapab bwè te fèy Ti Medsiyen

Vomisman: Bwè te fèy Medsiyen Barachen

Konstipasyon: Manje fèy Medsiyen Barachen vèt tankou kreson (tou kri) 2 a 3 fèy chak fwa nap manje manje midi pou 2 semèn.

Ogmante gwosè penis/Koulouk gason: Yon gwoup chèchè nan peyi Swis/Suisse rive di gason ki pran abitid bwè te fèy Medsiyen Barachen genyen anpil chans pou ogmante gwosè penis gason yo. Te plant sa ede gason yo nan sikilasyon san, sa ki konn fè mesye yo genyen yon bon bann/erection.

Lèpre: Te rasin plant sa kapab ede nou trete maladi lèpre moun konn soufri.

Vant fè mal: Bwè te fèy Medsiyen Barechen
Doulè règ: Bwè te ekòs pye Medsiyen Barachen 3 @ 5 jou avan règ la vini.

NB: sa se yon pati nan nouvo liv mwen ki rele TOKSIK ki gen pou soti nan mwa kap vini la yo. Jouk jounen Jodi nap tan sponsor pou nou pibliye li sa. Rele m pou sipò nou, mèsi.

Rete branche pou 2 em partie ribrik lan, kote map vini ake plis koze ak konsèy pou nou pandan mwen swete nou pase yon bon kòmansman mwa Jiyè 2019 anba pisans Jeyova papa a !!!

MEDNA pou lavi – Djougan Djougan
Kanmarad Jude Etienne
754-244-3021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Port-de-Paix : Inauguration du Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA

(Le Floridien) - Le Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA à...

Little Haiti Book Festival: A Decade of Cultural Enrichment and Community Engagement

(LITTLE HAITI) - The 2024 edition of the Little...

Louis-Philippe Dalembert, une plume haïtienne couronnée

(Le Floridien) -  Ce mardi 14 mai restera gravé...

ANALYSIS | Was Rasha Cameau’s Tenure as North Miami City Manager Marked by Favoritism?

By Dessalines Ferdinand  The removal of Rasha Cameau as North...
Languages

Contact Us

error: