Monday, May 20, 2024

CURE DE GIROFE

Date:

SANTE N SE LA VI N_Title

Mwen salye tout lèktè ribrik “Sante n se lavi n” ki anba tonèl journal Le Floridien. Kòman nou ye? Mwen byen kwè nou tout djougan nan non Jeyova paapa a. Jodi a mwen vin pataje ake nou kèk konsèy sou medsin natirèl, konsèy ki kapab ede nou mete sante nou djougan. Anpil fwa bagay yo la ake nou nou pa konnen byenfè ki genyen nan yo. Lò nou pran kòm egzanp; Zonyon/Oignon, se yon bagay ki bon anpil pou sante moun lò nou mete li nan manje kwit, lò nou fè siwo ake li, lò nou fè enfizyon ake ti po fen an. Enfizyon sa bon anpil pou desann tansyon wo, konbat grip, fyèv elatriye.

Nou kapab pran ankò kòm egzanp, Jiwòf, se yon epis ki kapab ede nou konbat anpil ake yon pakèt maladi lakay nou. Jounen Jodi, anpil manb gwoup MEDNA/Medsin Natirèl ap fè yon cure avèk Jiwòf. Cure sa kapab ede nou konbat gaz, vant fè mal, doulè rimatis, etc.

Ki jan nou kapab fè cure Jiwòf sa?

Mete 1 tas dlo ak mwatye bouyi sou yon ti dife dou. Kite dlo a bouyi pou 2 minit. Aprè 2 minit dlo a kòmanse bouyi mete anviwon 7 @ 8 grenn jiwòf ou byen demi ti kiyè poud jiwòf nan 1tas dlo ak mwatye kap bouyi a. kite li bouyi pou yon lò 4 @ 5 minit. Aprè mete li atè, kite li toujou kouvri jouk li frèt nèt. Pa bliye chak grenn Jiwòf pou kont li genyen rive jouka 20% lwil, si nou kite cure Jiwòf la dekouvri nap pèdi prèke tout sibstans kirativ ki nan epis sa.
Bwè cure sa konsa; 1tas maten ajen, nap tann 20 @ 30 minit avan nou manje dejnen nou. Nap bwè 1 tas cure sa aswè 1h tan avan nou dòmi. Pa kite cure sa fè plis pase 24 è tan. Sa ki vle di zafè pou nou fè yon galon cure sa e mete li nan frijidè se bliye sa. Cure sa pa dwe rete plis pase yon jou. Chak jou nou dwe fè cure pa nou. Nap bwè li pandan 15 jou yonn dèyè lòt san make ni sote yon jou.

Se vre anpil nan nou la konn bwè te Jiwòf, men se pa menm bagay lò nap bwè yon te pandan plizyè jou. Cure Jiwòf sa ap ede nou kouri dèyè gaz, vye bakteri, enfèksyon, gason kap fè bèk atè, ak anpil lòt pwoblèm sante. Nou genyen anpil lòt remèd nou kapab fè ak Jiwòf nan mwa Dawout sa, bagay tankou lò nou mete bouyi yon ka(1/4) ti kiyè jiwòf anpoud nan yon vè lèt bèf, bon jan lèt bèf la wi. Remèd sa bon anpil pou ede nou netwaye fwa/liver/foie nou. Wou menm ki konn genyen kè plen souvan, wou menm ki konn anvi vomi, ou gen noze, wap plede krache san w pa ansent, bouch ou toujou plen dlo, arebò 2 kwen bouch ou toujou genyen yon kim blanch, sa nou konn rele Bòkyè a, remèd jiwòf ak bon jan lèt bèf la kapab ede w lò w bwè dòz sa pandan 2 a 3 semèn yon fwa pa jou.

Atansyon – Pa bay fanm ansent, fanm nouris, ti moun ki pi piti pase 12 zan bwè cure sa. Li pa fèt pou kategori moun sa yo.

Pou nou rive konbat fyèv, grip, pwoblèm immune system, etc mete masere 2 @ 3 kiyè/tbs grenn Jiwòf nan 150 mililit alkòl. Kite li masere pou 15 jou. Chak maten nou leve souke boutèy la byen souke. Aprè 15 jou sere boutèy sa anndan yon bifèt. Chak fwa nou vle sèvi ake li mete mezi 20 @ 30 gout dòz sa nan yon tas te nap bwè. 20 gout egal a demi ti kiyè.
Enfizyon Jiwòf bon anpil pou gason kap fè bèk atè. Dlo ou byen poud jiwòf bon anpil tou pou konbat doulè nan dan/teeth/dents. Lò nou bouyi grenn jiwof nan dlo se yon bon rens bouch. Wou menm ki genyen yon vant fè mal kap touye w, melanje demi ti kiyè poud jiwòf ake yon ka ti kiyè poud chabon bwa byen fen. Brase tou 2 nan yon vè dlo bouyi. Aprè koule li nan yon grèg/grèp epi bay malad ki genyen vant fè mal la bwè dòz sa. Malad la kapab bwè dòz sa yonn a 2 fwa nan yon jounen sa pral depann gwosè doulè a.

Mezanmi map rete la pou Jodi a, pandan map di BONNE FETE 15 DAWOUT a moun OKAP, WANAMENT, TIGWAV. BONNE FETE a tout fanatik ti ribrik sante n se lavi n kap fete anivèsè yo pou rès fen mwa Dawout sa.

LIKIDASYON – Mwen ap vann liv KICHOY la nan pri $30.00 US. Mwen tap vann yo $ 40.00 US, Jodi a mwen desann yo $30.00 konsa plis kanmarad ap genyen plis opòtinite pou yo achte kokenn chenn liv sa. Rele kanmarad Jude nan 754-244-3021 pou w kòmande liv pa w la. Si w Miami, Broward, West Palm beach, ou byen Port Saint Lucie mwen kapab pote li pou wou. Prese order liv pa w la paske yo pa anpil.

Nap tann kesyon nou yo, konsa na pote repons pou wou nan pwochen ribrik la.

Mwen swete nou pase yon bon fen mwa Dawout 2019 anba zèl papa bon Dye.

MEDNA POU LAVI – DJOUGAN DJOUGAN
Jude Etienne 754-244-3021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Sounds of Little Haiti: A Must-Attend Event to Celebrate Haitian Flag Day

By Dessalines Ferdinand There is no doubt about it: Sounds...

Barbecue déclare que ses forces sont prêtes à combattre les forces multinationales

Par Dessalines Ferdinand Dans une interview exclusive en début de...

Port-de-Paix : Inauguration du Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA

(Le Floridien) - Le Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA à...
Languages

Contact Us

error: