Friday, May 17, 2024

La santé, quel bilan…?

Date:


Jude Etienne

Mwen salye nou tout ki anba tonèl jounal Le Floridien. Jodi a mwen byen kontan vin kase moso kichòy ake nou sou bilan sante nou. Chak jou ki jou nap pipi, nap bwè dlo, nou gen tèt fè mal, vant fè mal, elatriye. Nou pa janm pran yon ti tan pou nou fè yon bilan, konsa na konnen chak ki lè nou santi nou byen ak mal. Pafwa se yon manje ki konn koz nou malad, pafwa se manke nou manke bwè dlo, pafwa tou se konsomen nou konsomen twòp sèl, twò grès, epis, magi, elatriye. Pafwa tou se manje nou manje twòp, nou manke fè ekzèsis, manke dòmi, etc. tout bagay sa yo kapab san enpòtans nan zye w epoutan yo gen anpil valè pou sante w.

Yon kanmarad ki manke bwè dlo kapab genyen pwoblèm sikilasyon san/blood circulation, konsa tou yon moun ki manje twòp sèl kapab genyen tansyon li ki monte wo, li kapab genyen dlo ki nan zye li seche. Kanmrad nou wè konbyen pwoblèm yon senp ti bagay kapab koze nan lavi nou? Se rezon ki fè nou envite w fè yon ti bilan sou sante w avan ane 2018 la fini pou w kapab konprann kèk pwoblèm wap rankontre chak jou ki jou nan chimen lasante.

Nou kapab rale yon moso papye ki pral reprezante jounal nou. Nap ekri nan papye sa kèk bagay tankou: konbyen fwa nou leve pipi lannwit, konbyen fwa nou bwè dlo lannwit, konbyen fwa nou pipi pou jounen an, konbyen fwa nou poupou, nou bwè dlo, nou manje, nou dòmi, elatriye. Nap separe sa nou fè lannwit ak sa nou fè pandan jounen an. Sa se te pou bagay nou fè, nou kapab fè bilan tou pou bagay nou santi nan kò nou, tankou: chak ki lè nou santi tèt fè mal, vant fè mal, anvi vomi/nausea, gratezon, toudisman, bouton nan figi, mal zye, doulè règ, doulè lè nap pipi, elatriye… bagay sa yo ap ba nou yon lide de kòman kò nou fonksyone. Anpil nan nou bay kèk rapò lò nou ale kay doktè. Doktè a konn poze nou kesyon sou kèk nan bagay sa yo, e anpil fwa nou di dòktè a nou pa sonje, gen kèk tou nou sonje. Aprè nou fin tabli bilan sante nou nap toujou sonje kòman kò nou fonksyone e nap kapab bay doktè a bon rapò lò li mande nou.

Blan franse rele metòd sa “Connais toi toi-meme/konnen tèt nou nou menm an nou”… si nou pa rive konnen ki jan kò nou fonksyone nou pap kapab rive konprann kèk pwoblèm sante ak kèk benefis sante nou ba nou. Li bon anpil pou nou fè bilan sou eta sante nou, konsa na evite peye dòktè anpil lajan tandiske se yon ti pwoblèm nou te kapab rezoud pou kont nou. An nou pran kòm egzanp yon kanmarad ki genyen pwoblèm zye sèch/dry eyes, se kapab paske li fè manje ake sèl fen, li konsomen twòp sèl fen nan manje lap manje, paske gwo save nan domèn lasante di nou moun ki manje anpil sèl pa genyen sèlman pwoblèm tansyon wo/high blood pression, yo konn genyen dlo ki nan zye yo ki konn seche/dry eyes. Se sa ki fè nou dwe rete lwen manje ki fèt ake sèl fen.
Yon kanmarad ki manke dòmi kapab genyen toudisman, fòk nou mete nan bilan sa konbyen è/heure nou dòmi chak jou, konbyen fwa nou reveye lannwit. Eske nou konn dòmi lajounen? Konbyen lit/liter dlo nou bwè chak jou, chak ki lè nou anvi manje. elatriye… Nou kapab tou gade ki kalite manje ak bwason nou renmen konsome. Nan kòmansman bilan an kapab parèt yon ti jan anniyan, men chak jou kap pase lap vin pi fasil e ankourajan pou nou fè li. Nou gen pou devwa sere bilan sa paske map vini ake kèk bagay nou konn santi ki pa nòmal nan kò nou e se kapab yon move Pratik ki konn koz sa. Lò mwen vini ake ribrik sa nap gen pou devwa pou nou rale papye bilan nou pou nou kapab gade nan ki pozisyon nou ye.

Deja map swete tout kanmarad yon bon sezon fèt nwèl, mwen swete nou panse a lanmou yonn dwe genyen pou lòt, panse tou a enpòtans sante nou genyen pou nou ak manb fanmiy nou e zanmi nou. Lanne 2018 la pral fè chimen li se moman pou nou divòse ake anpil vye bagay nou te konn fè kite konn donmaje sante nou, bagay tankou: manje magi, manje lòbèy/junk food, pase nwit nan plezi, fimen sigarèt, drug, bwè tafya, derefize bwè bon kou dlo, derefize fè ekzèsis, elatriye… se moman pou nou pran konsyans pou nou pati sou yon Nouveau départ.

Yon fwa ankò map di nou bon sezon fèt nwèl, mwen mande Jeyova pou li pwoteje nou e pwoteje peyi nou Ayiti ki nan yon kalfou difisil. Kanmarad an nou bay sante nou vrè valè li genyen, konsa na toujou rete djougan.

Mwen te kontan ansanm ake nou anba tonèl jounal Le Floridien. Mwen swete nou pase yon bon fen mwa Desanm 2018 anba pisans Jeyova papa a.

Viv Medsin Natirèl – Viv yon sante djougan…!!!
Kanmarad Jude Etienne – Djougan Djougan.
754-244-3021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Port-de-Paix : Inauguration du Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA

(Le Floridien) - Le Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA à...

Little Haiti Book Festival: A Decade of Cultural Enrichment and Community Engagement

(LITTLE HAITI) - The 2024 edition of the Little...

Louis-Philippe Dalembert, une plume haïtienne couronnée

(Le Floridien) -  Ce mardi 14 mai restera gravé...
Languages

Contact Us

error: