Monday, May 20, 2024

Lavman – Detox

Date:

SANTE N SE LA VI N_Title

 

Mwen salye nou tout ki anba tonèl jounal Le Floridien. Jodi a mwen byen kontan vin kase moso kichòy ake nou sou medsin natirèl. Kòman nou ye? Mwen kwè nou byen gras bon Dye… m ap di nou kenbe fèm, pa dekouraje. Jodi a mwen vin brase lide ake nou sou byenfè ak vèti lò yon kanmarad netwaye kò li ake bon jan metsin/lavman pou pi piti 2 fwa nan yon lanne. Mwen envite nou rale ti chèz ba nou, vin nou koze sou sante natirèl.

Yon lanne genyen 365 jou. 365 jou n ap rèspire lodè move sant gaz machin, rèspire lè/air ki chaje ake mikwòb pousyè lari, respire lè [mildew/mold] anndan kay fenèt pa louvri, manje anpil manje pwodwi chimik, bwè dlo ki pa byen trete, elatriye. Nou pap kapab kite lanne 2019 la chanje sou nou san nou pa netwaye kò nou natirèlman. Anpil fwa nou malad grav se akoz anpil toksin/toxins kò nou genyen… poutan yon senp lavman te kapab ede nou rezoud dyannen maladi sa yo.

Genyen plizyè kalite lavman yon kanmarad kapab pran pou netwaye diferan kote nan kò li. Se pa tout lavman nou kapab bay nenpòt moun. Lavman ou metsin ede nou netwaye trip nou, san nou, ren nou, fwa nou, etc. Toujou pale ake doktè nou avan nou pran lavman. Yon kò ki byen netwaye se yon kò ki ansante.

Men 10 prensip m ap pataje ake nou sou ki jan nou dwe pran lavman:

1– Pa janm bay fanm ansent ak ti moun ki pi piti pase 10 lanne lavman.
2 – Pa janm pran yon lavman san sipèvizyon yon doktè ou byen yon moun ki genyen eksperyans.
3 – Pa janm pran lavman san nou pa bwè rafrechi yon semèn avan.
4 – Pa janm manje gwo manje 8 @ 10 zè tan avan nou pran yon lavman.
5 – Pa janm kouri ale manje touswit nou fin pran lavman, tann 5 @ 6 zè tan ou byen tann lavman an pase nou.
6 – Toujou pran lavman nan maten ajen/san nou poko manje.
7 – Pa janm manje manje ki genyen: Anpil grès, magi, zepis avan e apre nou pran lavman.
8 – Toujou manje e bwè bagay ki bay moun anpil bon bakterya, tankou lèt kaye, fig, asperge, etc aprè metsin nan fin pase nou.
9 – Toujou prepare lavman nou ake bagay ki òganik.
10 – Genyen lavman ki fèt ake fèy plant, vejetab, ake mineral ajil tou.

Nou tout kapab wè kòman li enpòtan pou nou pran metsin ou lavman chak 6 mwa nan yon lanne.
NB: Li konn rive lavman an pa pase moun nan premye jou li pran li, sa pa anpeche moun sa pran yon dezyèm lavman nan 8 jou pou pita. Pafwa se nan twazyèm lavman an moun sa resi libere anpil vè ak zagribay ki anndan vant li. Mwen di sa pou moun metsin nan pa pase ditou.

Si tout fwa ou ta renmen konnen kèk bon lavman achte liv Kichòy mwen ekri a. Se yon bon lide pou nou ofri tèt nou, fanmiy, zanmi, ak kolèg travay nou yon liv Kichòy kòm kado pou fen lanne 2019 la. Vèsyon sa a genyen anpil remèd fèy avèk anpil foto plant yo. Se yon liv ki genyen plis pase 400 paj, li ekri an kreyòl ake anpil bon remèd natirèl. Prese pou nou achte liv pa nou paske pa gen anpil ki rete. Rele kanmarad Jude nan 754-244-3021 pou li fè wou menm ki Broward ou Miami ak West Palm Beach jwenn liv pa w la, mèsi pou ankourajman nou… Pye kout pran douvan!

Mwen te kontan ansanm ake nou. Mwen swete nou pase yon bon fen mwa Septanm 2019 anba pisans Jeyova papa a.

Viv Medsin Natirèl & Rete ansante pou toutan…!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Sounds of Little Haiti: A Must-Attend Event to Celebrate Haitian Flag Day

By Dessalines Ferdinand There is no doubt about it: Sounds...

Barbecue déclare que ses forces sont prêtes à combattre les forces multinationales

Par Dessalines Ferdinand Dans une interview exclusive en début de...

Port-de-Paix : Inauguration du Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA

(Le Floridien) - Le Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA à...
Languages

Contact Us

error: