Thursday, May 16, 2024

Pouki rezon nou di w pa bwè dlo ki pa trete?

Date:

Ribrik “SANTE N SE LAVI N”

Bonjou/Bonswa

3em Pati – Dlo Alkalin/Alkaline water

Byenfè dlo Mineral

Genyen plizyè kalite dlo nan lanati. Genyen dlo sous/source, genyen dlo mineral, dlo tiyo/robinet, dlo alkalin, dlo lapli, etc. Pami tout kalite dlo sa yo nou kapab tabli sou enpòtans ak wòl dlo mineral jwe nan lavi moun. Gwo save nan domèn lasante di yon dlo mineral se yon kalite dlo ki soti anba tè a/nappes d’eau. Pou yon dlo genyen kalifikatif mineral fok li pa sibi okenn transfòmasyon nan laboratwa, fòk dlo sa rete natirèl e pur – konsa nou kapab di dlo sa se yon vrè dlo mineral.

 

Genyen plizyè kalite dlo mineral, sa pral depann de kantite mineral ki nan dlo a, sa pral depann tou de ki kote dlo sa soti. Genyen dlo mineral ki genyen plis kalsyòm, genyen lòt ki genyen plis manyezyòm ou byen sodyòm ou bikabonat. Dlo mineral ki genyen pi fò kalsyòm rele eau minérale calcique. Dlo sa kapab genyen sou chak lit plis pase 150 mg. Sa ki genyen anpil magnyezyòm lan kapab genyen sou chak lit plis pase 50 mg.dlo sa rele eau minérale magnésienne.

 

Chak kalite dlo mineral ki ekziste nan lanati bon pou diferan pwoblèm sante moun kapab genyen. Nou jwenn dlo mineral calcique la ki bon pou fanm ki ansent. Dlo mineral calcique tankou Evian ak Thonon. Dlo mineral magnésiennen nan bon pou fanm ansent, li bon tou pou moun ki fatige fasil. Dlo mineral magnésienne tankou: Hépar ak Cortrex. Dlo mineral gazes bon pou granmoun kap antre nan laj, dlo mineral sa bon pou fòtifye zo/os moun, li kapab tou ede moun ki soufri maladi osteroporose rete djougan. Dlo mineral gazes tankou: Salvèt ak Quezac.

 

– Genyen tou dlo mineral abaz sodyòm, se yon kalite dlo moun ki soufri maladi tansyon wo pa dwe bwè. Moun sa yo kapab bwè dlo mineral sodium ki pa plis pase 20mg pou yon lit. Toujou byen li/lire etikèt ki sou boutèy ou byen galon dlo a avan nou achte ou byen bwè dlo sa. Moun ki pratike èspò e ki pa soufri tansyon wo kapab bwè dlo mineral sodium nan yon nivo 200mg pou yon lit. Dlo mineral abaz bikabonat, se yon dlo ki ede moun ki genyen pwoblè dijesyon. Dlo sa konn nan yon nivo ki plis pase 600mg pou yon lit.

 

Li pa rekòmande pou moun cita ap bay tibebe bwè dlo mineral paske anpil nan yo konn genyen gaz nan yo. Dlo mineral yo konn chaje ak mineral… sa ki kapab donmaje ren tibebe yo.

Prekosyon nou dwe pran: Evite kite dlo mineral yo nan solèy, andann machin ki fèmen ou byen kote ki kenbe chalè anndan kay. Mete yo pito nan yon kote ki fre, pa kite reyon limyé tonbe sou yo. Toujou fè jefò pou nou bwè boutèy dlo mineral nou nan 2 jou. Pa janm remete dlo ou byen ji nan boutèy ki te genyen dlo mineral la avan.

 

Byenfè dlo Sous Dlo an Ayiti

 

DINEPA – Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman se li ki ranplase CAMEP. DINEPA ki se yon biwo ki la pou kontwole e regle/reglementation zafè dlo ak asenisman nan peyi DAYITI. Biwo sa trouve li sèlman nan Potoprens. Dezyèm vil peyi DAYITI ki se vil Okap pa genyen yon enstans dlo potab pou plis pase 900 mil @ 1.2 milyon moun. Moun Okap pa kwaze ake dlo tiyo depi plis pase 15 lanne? Incroyable mais vrai!!!

 

Yon peyi ki pa genyen vrèman yon enstans ki la pou siveye bon fonksyonman administrasyon yo se yon peyi ki lese pou kont li – chak koukou klere pou je w. Se nan kondisyon enfènal sa sante pèp Ayisyen ye nan 21em syèk sa kote tout peyi ki rèspèkte sitwayen yo ap fè jefò pou bay popilasyon pa yo bwè bon jan dlo trete. An Ayiti se bak nap fè kondira lòt la. Lontan, vil Okap te genyen tiyo nan tout ran kwen. Konpayi ki te rèskonsab distribisyon dlo nan tiyo kay popilasyon an te rele SNEP/Sèvis nasyonal dlo potab.

 

An Ayiti nou chaje ake dlo, yo nan tout rivyè, sous, lagon, letan, lak, lanmè, flèv, marekaj ak riso. Tout mèvèy lanati sa yo se kay kote dlo abite. Nou pap kapab bliye lapli ki se yonn nan bote lanati. Dlo se lavi konsa tou li kapab pote maladi – sa pral depann de sous li e nan ki kondisyon yo antreteni li. Nan anpil gwo vil an Ayiti machan dlo ap vann dlo tribò e babò. Faktori kap pwodwi sachè ak ti bidon dlo pouse tankou djondjon. Pa genyen okenn enstans ki pou mande yo sa yo pote nan djakout yo pou vann – tout voum se sòl. Yon peyi kote leta peyi a pa vrèman pran oserye lavi popilasyon li se yon peyi ki deja pwograme pou disparèt.

 

Solèy la cho, ou swaf, ou ta bwè yon bon vè dlo byen glase… kèlkeswa moun ki fè w trouve dlo sa wap bwè li zye fèmen – anpil fwa nou kite dezi nou dirije batiman lavi nou, sa ki konn kondwi nou sou chimen maladi ou byen sou chimen lanmò.

 

Mwen rete la pou Jodi a, an nou kase randevou pou 15 JIYè 2018 pou swit ribrik sa. Map swete nou pase yon bon mwa Jiyè 2018 anba pisans papa Jeyova…!!!

MEDNA POU LAVI – DJOUGAN DJOUGAN

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Port-de-Paix : Inauguration du Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA

(Le Floridien) - Le Centre Hospitalo-Universitaire de l’OFATMA à...

Little Haiti Book Festival: A Decade of Cultural Enrichment and Community Engagement

(LITTLE HAITI) - The 2024 edition of the Little...

Louis-Philippe Dalembert, une plume haïtienne couronnée

(Le Floridien) -  Ce mardi 14 mai restera gravé...
Languages

Contact Us

error: