Monday, April 29, 2024

Pye Sitwon

Date:

SANTE N SE LA VI N_Title

Mwen bese mwen byen ba pou m salye nou tout ki renmen li/read ti ribrik la. Nou fenk kòmanse mwa Mas 2019 sa, kote nou pral pran swen sante nou pi byen. Map envite nou rale ti chèz ba nou pou nou boukante lapawòl sou medsin natirèl. Jodi a mwen vin pale nou sou byenfè ki genyen lakay pye Sitwon.

Pye Sitwon ekziste depi nan tan antikite. Se yon pye bwa ki pa mezire plis pase 8 a 12 pye, sa ki ba nou 4 mèt wotè. Genyen 3 kalite Fri Sitwon: Genyen “West Indies sitwon” (Nou genyen fòm fri sa an Ayiti) li chaje ak asid. Genyen yon dezyèm kalite yo rele “Persa sitwon” ou byen “Tahiti sitwon”, se yon sitwon ki pa genyen twòp asid, pye sitwon sa yo pi gwo, fri yo pa prèske genyen grenn, e yo pa genyen anpil pikan. Dènye kalite sitwon an rele “Sitwon dous”. Kalite sitwon sa yo pi gwo. Ji pye sitwon dous pa genyen twòp asid.

Vèti ak byenfè lakay pye Sitwon

Pye Sitwon kapab pote solisyon nan anpil pwoblèm ak maladi moun soufri, tankou: Si w santi ou sou/ivresse – Pran yon beny/bain, pase sitwon nan 2 letanp ou ak dèyè zorèy ou, tafya a ap vole gagè. Ou malad nan zye, zye w ap fè lasi, ou pa bezwen pè mete yon gout sitwon nan chak zye yo, paske ji fri sa konbat enfeksyon. Ou gen rim sèvo vide yon ti gout ji sitwon nan chak tou nen (nez)…Sèlman li pike, men n ap rale yon bon souf aprè sa. Si nou soufri nen senyen pa fè remèd sa. Asid la ap tripote w, bwè yon bon ji sitwon. W ap plede vomi, pije yon sitwon, mele ak yon kiyè sann/cendre dife nan demi vè dlo, bwè konpoze sa tanzantan jouk vomisman an kanpe. Pwoblèm bil/fwa, bwè melanj sa: 1 kiyè lwil oliv + ji 1 sitwon chak maten ajen. Pou n dechouke vè nan trip nou, melanje 1 kiyè lwil palma kristi ak ji 3 sitwon nan yon ti vè wonm/rhum ou kleren ajen.

Enfeksyon zòrèy: Melanje ji sitwon ak lwil palma kristi chofe, mete yon ti gout tou piti nan zorèy malad la yon fwa lwil la frèt nèt. Remèd sa bon anpil pou wou menm k ap soufri ak yon Alèji-Allergie. Mete nan yon tenbal: 2 sitwon/Sitron koupe an ti moso, rache 5 a 6 grenn lay/Ail, vide 2 kiyè siwo myèl/honey, apre sa vide sou bagay sa yo yon lit dlo bouyi. Kite konpoze sa konsonmen, lè li frèt e mete li nan frijidè. Bwè yon kiyè 3 fwa pa jou. Pandan plizyè jou pou n kouri dèyè do Alèji a. Medam yo ki bezwen pou zong/ongles yo pa kase, tranpe zong nou nan ji sitwon mele ak lwil oliv. Gason ak fanm ki bezwen konbat enfeksyon bwè ji sitwon, li tou se yon astrenjan ki kapab ede bouboun fanm yo sere. Pike 1 fri yon sitwon plizyè kote, mete li bouyi nan demi lit dlo, kite li redwi a yon tas, bwè li san sikre pou nou konbat fyèv.

Gaz la ap ba wou pwoblèm, fè yon te ekòs pye sitwon. Ou anwe, fè sa: Bouyi yon moso sitwon nan demi lit dlo, mete 1 kiyè poud kafe mele ak 8 fèy vèt sapoti, koule li nan yon grèg, bwè konpoze sa tout jounen. Ji yon sitwon antye nan 1tas kafe anmè chak jou pandan yon mwa bon anpil pou regilarize maladi sik/dyabèt – Fòk se pa ji sitwon ki nan boutèy e tou, fòk moun nan pa soufri maladi tansyon wo/hypertension. Te/thé rasin pye plant sa bon anpil pou ekwoulman (Blennorragie). Wou menm ki soufri ak pwoblèm fwa, bwè ji 1 sitwon nan 1 vè dlo tyèd chak maten 1è tan (une heure de temps avant) avan ou dejene.

1 sitwon pire nan demi vè dlo bon pou kè boule. Ji sitwon mele ak sèl retire tach nan rad. Pou nou netwaye sistèm nou – pire yon sitwon nan yon vè dlo tyèd bwè. Nou kapab tou bwè menm dòz sa granm maten avan nou manje, li bon tou pou netwaye fwa foie). Moun ki soufri kranp ak pwoblèm nan janm kapab bwè ji sitwon nan yon vè dlo tyèd avan yo ale dòmi. Si yon gèp ou byen yon myèl pike w pase ji sitwon kote yo pike w la. Lè nou bwè melanj yon kiyè lwil oliv ak ji yon sitwon se yonn kokenn chenn remèd pou konbat bil. Ji sitwon ede moun konbat: Pye mayas, ekzema, dat, lota, pwoblèm nan jansiv, lang, bouch, dan, bouboun, koulouk, zye, elatriye.
Toujou bwè remèd/tizàn ki fèt ak sitwon vèt san sik. Wou menm ki gen po gra, toujou lave figi ou ak dlo ou pire ji sitwon inè tan/1è tan (1hr de temps avant) avan ou makiye. Ou vle megri/dayèt bwè 4 ons ji fri sa san sik chak maten ajen pandan yon mwa.

Pou kisa nou dwe bwè dlo cho avèk ji sitwon maten san nou poko manje anyen – ajen?

1- Ji sitwon genyen kapasite pou ede moun elimine toksin-toxines ki anndan kò yo. Lè nou pire sitwon tou fre nan dlo cho, li ede nou netwaye ren nou, li ede fwa-foie nou nan travay detoxikasyon l ap fè nan kò nou. Lè nou bwè ji fri sa fre avèk dlo cho li netwaye trip nou tou.
2- Vitamin C ak pwodwi antioksidan-antioxydant yo ki nan fri a detoksike po-peau kò nou, li ede nou konbat bouton.
3- Paske fri sa chaje ak potasyòm e vitamin C. Vitamin sa yo remonte imin sistèm nou.
4- Pandan lannwit metabolis kò nou itilize dlo kò nou, lè nou bwè dlo cho ak ji sitwon le maten, sa ede nou ranplase dlo sa.
5- Dlo cho mele ak ji sitwon fre le maten ba moun vitalite.
6- Dlo cho ak ji sitwon fre ede moun megri gras a pwodwi sitwon genyen nan li ke yo rele Pektin-Pectine.
7-Dlo cho ak ji sitwon fre bay bouch nou bon lodè. Vitamin C ki nan fri plant sa se yon bon bagay pou jansiv moun.

Pase yon bon mwa Mas 2019 avèk Jeyova Dye. Mwen renmen nou anpil…!
MEDNA pou lavi – Djougan Djougan
Kanmarad Jude Etienne
754-244-3021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

American Airlines Resumes Flights to Haiti, Offering Hope to Beneficiaries of Humanitarian Parole Program

By Dessalines Ferdinand For Haitians benefiting from the Biden administration's...

Haiti’s PM Henry Steps Down as Transitional Government Assumes Control Amid Escalating Gang Violence

(Le Floridien) – Nearly two months have elapsed since...

Conseil de transition, et après?

Par Dessalines Ferdinand Après la période de flottement qu’a connu...
Languages

Contact Us

error: