Monday, April 29, 2024

Rapèl sou sa nou te tabli nan lanne 2018

Date:

Mwen salye nou tout ki anba tonèl jounal Le Floridien. Jodi a mwen byen kontan vin kase moso kichòy ake nou sou medsin natirèl. Kòman nou ye? Mwen byen kwè nou tout djougan nan non papa Jeyova. Jodi a mwen vin raple nou kèk bagay nou te pale sou yo nan lanne 2018 la… bagay nou dwe evite manje ak bwè pou kenbe sante nou djougan, bagay tankou:

Pou nou derefize sèvi ake Magi, Crillolito, Don Pollo, Aksan/MSG nan manje nap kwit. Pwazon lan sa yo genyen kapasite pou fè nou malad grav. Nou te di w itlize pito epis natirèl, tankou: sib, pèsi, pwawo, piman, ten, jiwòf, lay, elatriye. Pa janm bliye pile ou byen rache yon ti moso jenjanm mete nan epis nou ou byen nan manje nap kwit.

Pou nou derefize sèvi ake sèl fen paske li genyen kapasite pou li ba nou maladi tansyon wo/High blood pressure, anflamasyon nan kò, albumin, konsa tou li kapab seche dlo nou genyen nan zye nou/dry eyes. Nou te konseye w itilize pito gwo sèl Ayisyen nou an, pa itilize gwo sèl ki soti Sendomeng nan, li genyen yon jan klere pase sèl nou an. Nou kapab tou itilize sèl Himalaya a, se yon bon sèl pou fè manje ak anpil remèd pou sante nou.

Pou nou derefize sèvi ake sik blan, se yon kalite sik yo fè vin blan akoz pwodwi chimik ki pa bon pou sante nou. Nou te konseye w itilize pito sik krèm ou byen siwo myèl òganik ou siwo kann ou rapadou.
Pou nou derefize bwè soda kèlkeswa non soda a, pwazon sa yo pa bon pou sante nou. Soda chaje ak sodium, sik chimik, ak anpil lòt pwazon chimik. Nou te konseye w bwè pito ji natirèl nou fè ak fri, fèy ou vejetab.

Pou nou derefize bwè dlo nan sachè, dlo nan cooler, dlo lakay moun nou pa kwè ki pwòp. Dlo se yon bagay ki enpòtan/indispensable pou sante nou, nou pa kapab ap bwè li nenpòt kote e nenpòt ki jan. Nou te konseye w bwè pito dlo bouyi, dlo trete, dlo alkalin ki bon anpil pou sante nou.

Pou nou derefize manje poul ak kodenn pèpè, kalite vyan sa yo pa bon ditou pou sante nou. Nou te konseye w pou w vin vejetaryen ou si non manje ti poul kreyòl nou, ti vyan kabrit ak pwason yo peche nan lanmè. Mare fache ak vyan kochon souple, li pa bon pou sante moun.

Pou nou derefize manje ze pèpè, manje pito ze peyi ou byen ze òganik. Pa manje ze fri twòp, li pa bon pou sante lò nou manje li twòp. Yon fwa nan yon mwa pa plis.

Kanmarad anpil nan nou ap di “pa manje, manje, nap mouri kan menm”. Se vre… ni moun ki manje tankou manfouben ni moun ki pran prekosyon nan sa yap manje ap mouri. Pouki rezon yon moun dwe pran prekosyon nan ka sa? Rezon pou yon kanmrad dwe pran prekosyon olye li lage li nan manfouben se paske moun ki pran prekosyon an genyen 90 pousan chans pou yo pa soufri ak maladi ak tou pou yo pa mouri bonè bonè. Gwo save nan domèn la médicine di; anpil vye maladi moun soufri rive tabli baz yo nan kò nou akoz sa nap manje ak sa nap bwè. Tout moun ta renmen viv ansante, men li mande yon ti sakrifis, kote nou pa dwe kite gou bouch nou kondwi nou sou chimen maladi ak lanmò. Nou dwe gen kontwòl bouch nou.

Nou te di w tout bagay sa yo nan lanne 2018 la, se jis yon rapèl nap fè pou wou se dekwa pou nou vanse nan lanne 2019 la ak bagay nèf – nap jwenn yo tou nan dezyèm liv mwen an ki rele TOSIK mwen gen pou m pibliye lò mwen jwenn sipò/sponsorship kominote a..
Kanmarad nou konseye w pran sante w oserye, pandan nap fè ekzèsis, bwète/tea chak jou ki jou, pran yon metsin/detoz chak 4 a 6 mwa nan yon lanne, pran ti beny/bain lanmè, beny/bain fèy nou, masaj, yo trè bon pou sante nou. Ale pwomennen/mache nan pak, nan mòn, andeyò, tout kote nou kapab jwenn pye bwa, lanmè, ak bon jan van. Kontinye li/read ak ankouraje jounal Le Floridien pou sa lap fè nan kominote nou an.
Ankò yon fwa map di nou Larezone 2019, mwen swete ane sa tout rèv nou rive reyalize nan non papa Jeyova…!

Map rete la pou jodi a pandan map mande w pou w achte yon liv Kichòy mwen ekri nan pri $ 40.00 US, konsa wa ede m pibliye 2em liv mwen an ki genyen tout sa mwen ekri la E ki pi byen detaye. Ayisyen an nou ankouraje zèv Ayisyen parèy nou…!!! Pou nou order liv pa nou an rele kanmarad Jude nan 754-244-3021 kèlkeswa kote nou ye nan USA. Deja, mwen di nou mèsi pou sipò nou.

MEDNA POU LAVI – DJOUGAN DJOUGAN
Jude Etienne 754-244-3021
Map swete nou pase yon bon fen mwa Janvye 2019 nan non Papa Jeyova…!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

American Airlines Resumes Flights to Haiti, Offering Hope to Beneficiaries of Humanitarian Parole Program

By Dessalines Ferdinand For Haitians benefiting from the Biden administration's...

Haiti’s PM Henry Steps Down as Transitional Government Assumes Control Amid Escalating Gang Violence

(Le Floridien) – Nearly two months have elapsed since...

Conseil de transition, et après?

Par Dessalines Ferdinand Après la période de flottement qu’a connu...
Languages

Contact Us

error: